Aller au contenu
Retour au blog
Technical Analysis

Smart Money Concepts (SMC): Kisa Gwo Bank Yo Fè ke Ou Pa Konnen

Kisa Smart Money Ye? Smart Money se lajan gwo jwè yo: Goldman Sachs, JP Morgan, Citadel, Federal Reserve. Yo gen milya dola epi yo fè pri a bouje. SMC anseye ou rekonèt taktik enstitisyon yo itilize —...

YA
Ybenson Augustave (CEO)
01 avril 2026 · 3 min de lecture
🇭🇹 Kreyòl

Kisa Smart Money Ye?

Smart Money se lajan gwo jwè yo: Goldman Sachs, JP Morgan, Citadel, Federal Reserve. Yo gen milya dola epi yo fè pri a bouje.

SMC anseye ou rekonèt taktik enstitisyon yo itilize — pou ou ka trade AK yo olye de kont yo.

5 Konsèp Kle SMC

1. Likidite (Liquidity)

Kote stop loss yo ye = kote enstitisyon yo ale chèche lajan. Yo pouse pri a nan direksyon stop loss yo, pran yo, epi tounen.

2. Break of Structure (BOS)

Lè pri a kase yon swing high (bullish BOS) oswa swing low (bearish BOS). Sa konfime direksyon tandans la.

3. Change of Character (CHoCH)

Lè tandans la CHANJE. Pi enpòtan pase BOS paske li endike yon nouvo direksyon.

4. Order Blocks (OB)

Dènye chandèl anvan yon gwo mouvman. Se la enstitisyon yo te mete gwo order yo. Lè pri a retounen, li rebondi.

5. Fair Value Gaps (FVG)

Espas vid sou graf la kote pri a te bouje twòp vit. FVG yo gen tandans ranpli — opòtinite pou antre.

Setup BUY ak SMC

  1. Tandans Daily bullish
  2. Liquidity sweep anba
  3. Pri retounen nan bullish OB oswa FVG
  4. Confirmation candle
  5. Antre ak SL anba OB, TP nan pwochen high

5 modil konplè sou SMC nan fòmasyon Masterclass Trading

Partager cet article :

T'as aimé cet article ?

Reçois nos meilleurs guides trading chaque semaine, directement dans ta boîte.

Inscrivez-vous pour recevoir des tips trading GRATUITS

Analyses, stratégies et opportunités exclusives chaque semaine.