Aller au contenu
Retour au blog
Risk Management

Jesyon Risk: Règ #1 ki Separe Trader ki Reyisi ak sa ki Echwe

Règ 1%: Pi Enpòtan Règ nan Trading Pa janm riske plis pase 1% nan kont ou sou yon sèl trade. Kont $2,000 → risk pa trade = $20. Wi, se piti. Epi se SA ki pral pwoteje ou. Menm ak 10 pèt konsekitif, ou...

YA
Ybenson Augustave (CEO)
02 avril 2026 · 3 min de lecture
🇭🇹 Kreyòl

Règ 1%: Pi Enpòtan Règ nan Trading

Pa janm riske plis pase 1% nan kont ou sou yon sèl trade.

Kont $2,000 → risk pa trade = $20. Wi, se piti. Epi se SA ki pral pwoteje ou.

Menm ak 10 pèt konsekitif, ou pèdi sèlman 10%. Kont ou toujou la.

Stop Loss: Sentu Sekirite Ou

TOUJOU mete stop loss. Sou CHAK trade. San EKSEPIYON.

Mete li anba dènye swing low (pou achte) oswa anlè dènye swing high (pou vann). Pa janm deplase li pi lwen.

Risk Reward Ratio (R:R)

Minimòm 1:2. Riske $20 pou eseye fè $40.

Ak R:R 1:2, ou bezwen gen rezon sèlman 35-40% nan tan pou fè lajan. Sa reyalis.

Position Sizing

Gwosè = Risk ÷ (Stop Loss × Valè pa pwen)

Egzanp: $20 risk ÷ (10 pwen × $2) = 1 kontra MNQ.

Plan Jesyon Risk Ou

Enprime sa, mete bò ekran ou:

  • Risk pa trade: 1%
  • Stop loss: TOUJOU
  • Daily loss limit: 3%
  • Weekly loss limit: 5%
  • R:R minimòm: 1:2
  • Max trade pa jou: 4

Aprann jesyon risk an detay nan fòmasyon Masterclass Trading

Partager cet article :

T'as aimé cet article ?

Reçois nos meilleurs guides trading chaque semaine, directement dans ta boîte.

Inscrivez-vous pour recevoir des tips trading GRATUITS

Analyses, stratégies et opportunités exclusives chaque semaine.