Description du cours

Ou vle aprann pwogramasyon, men ou pa konnen ki kote pou kòmanse ?
Fòmasyon sa fèt espesyalman pou ou. 

“Lojik Pwogramasyon ak Pseudocode” se premye etap tout pwogramè dwe metrize avan yo antre nan Python, C, Java, oswa JavaScript.
Nan kou sa, w ap aprann kijan òdinatè panse, kijan pou rezoud pwoblèm lojikman, e kijan pou ekri pseudocode tankou yon pwofesyonèl.

Avèk 10 modil, 30 videyo, 10 quiz ak 30 egzèsis pratik,
Vitademy ap ede w konstwi yon fondasyon solid nan lojik ak algorithmik.
Tout bagay an kreyòl ayisyen, senp pou konprann, ak anpil egzanp reyèl pou ede w aprann vit.


Nan Fòmasyon sa, w ap aprann :

✅ Ki sa pwogramasyon ye an reyalite
✅ Kijan òdinatè konprann lojik moun
✅ Estrikti lojik debaz (Antre → Tretman → Sòti)
✅ Kondisyon ak bouk (if, while, for)
✅ Lis done, tablo, ak fonksyon
✅ Ki jan pou konstwi pwòp algoritm ou
✅ Epi kijan pou tradui pseudocode an langaj pwogramasyon reyèl tankou Python


Objektif la

Pou ede w devlope panse algorithmik ou — fason pwogramè reyèl reflechi.
Apre fòmasyon sa, ou pap sèlman konprann kòd,
ou pral konprann lojik dèyè kòd la.


Piblik vize

  • Débutan absoli ki vle antre nan pwogramasyon

  • Etidyan lekòl, inivèsite, oswa teknisyen

  • Moun ki vle bati karyè nan teknoloji

  • Nenpòt moun ki vle devlope panse lojik ak analiz


Rezilta Final

Apre fòmasyon sa, ou pral kapab:

  • Ekri pwòp pseudocode ou

  • Rezoud pwoblèm algorithmik

  • Panse lojikman tankou yon pwogramè

  • Fè tranzisyon fasil nan nenpòt lang pwogramasyon

Que vais-je apprendre?

  • W ap kapab analize pwoblèm lojikman, menm jan yon pwogramè fè l.
  • Ou konnen kijan pou òganize etap yon pwogram (antre → tretman → sòti).
  • W ap kapab tradui nenpòt lide oswa pwoblèm an etap klè ke òdinatè ka egzekite.
  • Apre sa, aprann Python, C, oswa Java ap vin trè fasil paske ou deja gen lojik la.
  • Ou ka kreye ti aplikasyon, sistèm kalkil, oswa pwogram senp avèk estrikti pwofesyonèl.

Exigences

  • 1️⃣ Yon òdinatè oswa telefòn entèlijan Pou w ka gade videyo yo, fè egzèsis yo, epi pratike sou platfòm Vitademy.
  • 2️⃣ Koneksyon entènèt stab Pou w ka jwenn aksè ak tout modil, quiz, ak dokiman fòmasyon yo san pwoblèm.
  • 3️⃣ Detèminasyon pou aprann ak pratike Fòmasyon an senp, men ou dwe gen volonte pou pratike chak leson ak egzèsis pou w devlope lojik pwogramè ou.

Questions fréquentes

Se yon fòmasyon ki montre w kijan pou panse tankou yon pwogramè. Ou aprann lojik pwogramasyon ak pseudocode san bezwen aprann langaj kòd.

Non. Fòmasyon an fèt pou tout moun, menm moun ki pa janm fè pwogramasyon anvan.

Pseudocode se fason pou ekri etap yon pwogram ak mo senp, pou w konprann kijan òdinatè ap panse.

W ap jwenn 10 modil, 30 videyo, 10 quiz, 30 egzèsis pratik, ak yon sètifika fini Vitademy.

Apre fòmasyon an, ou pral ka ekri pwòp pseudocode ou, konprann lojik pwogramasyon, epi aprann nenpòt lang pwogramasyon pi fasil.

Ybenson Augustave

Spécialiste en Technologies | Trader Professionnel | Architecte de Solutions Innovantes

Spécialiste chevronné en technologie et un trader professionnel reconnu, à la croisée de l’innovation digitale et des marchés financiers. Fort d’une expertise approfondie en analyse de données, développement logiciel avancé et intelligence artificielle, il intègre les technologies de pointe dans des stratégies de trading à haute performance, alliant rigueur analytique et exécution précise.Visionnaire et stratège, il transforme des environnements complexes en opportunités mesurables, en combinant automatisation, optimisation des performances et gestion intelligente des risques. Son parcours illustre une capacité rare à fusionner la technologie, la finance et l’innovation, pour créer des solutions concrètes et durables au service de ses clients et de sa communauté. Leader respecté, Ybenson se distingue par son approche systémique, sa compréhension fine des marchés, et son engagement à repousser les limites de ce qui est possible dans l’univers du trading algorithmique et de l’investissement intelligent.

Gratuit

Lectures

9

Quizzes

2

Niveau de compétence

Débutant

Période de validité

À vie

Certificat

Oui

Partager ce cours

Cours associés